Jean Baptiste Anivince
Son adresse e-mail :

Ses derniers articles

article.title

De bò goch

18 juil. 2023
Malèz egzistansyèl, militans, denonsyasyon, avilisman, imaj kousiprann fè kenken nan “De bò goch”, powèm flèv sa a Jean Baptiste Anivince te pilibye nan lane 2014 (nan mitan rèy Minista), nan Editions Choucoune, kite konnen yon bèl siksè. Yonn nan pwen fò liv sa a se plas li kreye pou n li nanm yon powèt ki santi li about e sitou enpuisan devan kalamite souverènte ak diyite peyi l k ap senyen anba bòt lokipasyon degize. 9 ane apre piblikasyon tèks sa a, gen yon pawòl lokipasyon degize ankò k ap fè wounouwounou nan peyi. Le Nouvelliste envite w (re) dekouvri kèk pasaj nan De bò goch.  
article.title

Sanba Zele kinalaganach pou lakilti

11 oct. 2022
Vivan, zele, fò, briyan, inovan, konfyan, konbatan, optimis, pozitif, tout yon bèl rekòt adjektif byen bòzò disponib pou n kalifye Konpayi teyat Sanba Zele (SZ) k ap selebre ane 2022 a 10 zan kreyasyon l nan vil Pòdepè. Responsab Sanba Zele yo klè sou sa: evolye kòm twoup teyat nan yon Depatman ki pòv nan sa ki gen pou wè ak ensfrastrikti kiltirèl (tankou tout rès peyi a dayè), egziste menm nan yon sosyete kote lakilti se malerezman yonn nan sektè Leta chwazi trete pi raz, s on mirak. E, malgre sa, Sanba Zele kanpe kinalaganach, depi yon deseni, pou pote kontribisyon pa l nan kenbe lakilti vivan nan vil imòtèl Kapwa Lamò a, nan Depatman Nòdwès… Le Nouvelliste te gen anpil plezi rankontre Johnsley Bertho, yonn nan majòjon bèl pwojè sila a. 
article.title

Michelle St-Félix: « Lanmou ki donnen nan vi m pou teyat ap rete imòtèl »

05 oct. 2022
Yonn nan premye bagay k ap epate yon moun nan gade Michelle St-Félix k ap pèfòme chita nan kapasite ak ladrès estwòdinè komedyèn nan deplwaye pou l fè w viv pèsonaj li abite a oubyen tèks l ap entèprete a nan tout dimansyon emosyon li pote. Poudayè, se yonn nan eleman karakteristik tout bon komedyen : pran w, kòmsi w pa t gen ni volonte ni chwa, fè ale mennen vini avè w nan yon vwayaj imobil ki itilize emosyon san prekosyon pandan tout filing avanti a. Michelle se yon komedyèn pwofesyonèl plen talan, ki mete anpil lanmou nan pasyon l. Le Nouvelliste te rankontre l pou yon ti koze.
article.title

Akademisyen Michel DeGraff eli manm selèk Linguistic Society of America

04 oct. 2022
Vandredi 30 septanm 2022 a, ‘Massachusetts Institute of Technology’ anonse, sou sit wèb li, pwofesè Michel Anne Frederic DeGraff eli kòm ‘Fellow’ (manm selèk) ‘Linguistic Society of America’ — LSA — ki se Sosyete Lengwistik Etazini. Entwonizasyon lengwis DeGraff kòm manm selèk LSA fikse pou vandredi 6 janvye 2023 a, a kote sèt (7) lòt kònònò wòdpòte ki reprezante plizyè inivèsite nan monn lan. N ap soulinye Linguistic Society of America genyen anviwon 3 000 manm. Men, se sèlman yon 5% ladan yo ki rive jwenn onè ‘Fellowship’ sa a ki se pi gwo distenksyon akademik nan domèn lengwistik. Le Nouvelliste te kontakte lengwis Michel DeGraff pandan wikenn ki sot pase a.  N ap pataje reyaksyon li apre li aprann nouvèl ‘Fellowship’ la.
article.title

Guy Gérald Ménard, Envite donè 4èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl

28 sept. 2022

Ekriven ayisyen Guy Gérald Ménard ak pwofesè trinidadyèn Jo-Anne S.

article.title

Festival anyèl liv ak atizana ayisyen

26 sept. 2022

Angelucci Manigat Jr, majòjon evènman an konfime nouvèl la: Samdi 8 oktòb 2022 a, soti 1è rive 6è PM, nan “Norwalk Community College” se pwal dewoulman 23èm edisyon Festival anyèl Liv ak Atizana ayisyen nan Connecticut (Etazini).

article.title

Pèlmèl: Marie Louise Rémy pote yon mesaj sosyal san dlo nan bouch

21 sept. 2022

            Gen kèk reyalite, ki sanble gen lavi di, ki leve sou soyete a tankou maleng.

article.title

Deyita, yon fanm solid nan istwa literè kreyòl ayisyen an

12 sept. 2022

           Kontribisyon Mercédès Foucard Guignard (21 septanm 1935 – 29 desanm 2012), anpil moun konnen sou non vanyan li “Deyita”, nan dinamik anrichisman patrimwàn entèlektyèl peyi Dayiti pa touche sèlman domèn etnografi, vodou… Deyita s on vizyonè, yon fanm jèvrin, ki te rive etale, an kreyòl, nan yon kontèks sosyolengwistik ak politik difisil, pwodui enspirasyon l ak imajinasyon l atravè aktivite kreyatif ak naratif tankou pwezi, woman, teyat, kont.

article.title

Luckner Casséus prefase lenfini

05 sept. 2022

“Rekèy la di tout sa yon moun ta renmen yon powèt di pou l anbeli jounen l, pou rakonte listwa l.

article.title

Vin powèt oubyen ekriven nan lang kreyòl

02 sept. 2022

«Yon ekriven se yon moun ki konnen lang li devan dèyè», pawòl Maximilien Laroche, espesyalis nan domèn literati konpare, nan liv li «Nan kalfou espastan» (GRELCA, 1994).